bonbon fanm

zanj

zanj mete zèl
nan yon pandri
pou ti peche
nan paradi

se pandye
kè moun pandye
ki fè li bat
pasi pala
si -w pran lang mwen
lanmou n’ bileng
kenbe m’ devan
nou kwadripèd

lanmò jape
lòm chache zo
oslè kò nou
fin kraze poud

ti chen mouri
pran sant kò nou
an drivayèz de chen kole
li revini kou wè laza

vwa lavyèj
se pa gout san
vwal lamarye
se pa lajwa

solèy bòbèch
nan bonbon fanm
atè miyò
pase kabann

pwèl dekore
koko dore
alsiyis sezi bouch be
men dan sere pa sere kras

ban m’ bwè fyèl ou
madi- w marenn
ban m’gato myèl
nan batèm mwen

pou prèv damou
fò-w bo m’ tou swit
si –w vle vwal blan
chache lòt van

tete-w boule m’
de pla men cho
iwochima
nagasaki

je m’chire tou
bèl ti cheri
elikoptè m’
chwal Medeyin

jès nou kwense
nan yon miwa
kè nou kase
miyèt miyèt

de je fèmen
pou mwen remen- w
si m’ louvri yonn
pa kreve de

devan-w sere
nan mwèl tèt mwen
cheve m’ pouse
pou tout moun wè

fant kò-w bèmid
pou tout bato’ m
viv metafò
nou mouye tranp

james noel

Leave a Comment

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.