bèl lanmou

nu

lanmou-w libere kò mwen
lang ou deklete bouch mwen
m’ta fè tout sa m’pat janm fè
m’ta di tout sa’m pat ka di
pawòl lamarye
pawòl bouzen kafe
pawòl jekwazandye
ak jekireve
ou fè’m di sa moun bliye
lè lanmou pèdi pawòl
lanmou-w libere kò mwen
lang ou deklete bouch mwen
m’ta di tout sa m’pat ka di
m’ta fè tout sa’m pat janm fè
mare nanm ou nan fant janm mwen
pou-m pa janm kite-w ale
pou’m kenbe-w kon piman bouk
ki plante nan mitan kò’m
ou fè’m rele anmwe
fè’m tounen ti bebe
m’voye kou plidetwal
kou alimèt bengal
tout kò mwen pran dife
kanzo paka pwoche
depi rara sonnen
se ou mwen ta konyen
legliz di jezikri
se fouk ou m’ta beni
kit se djaz
kit se blouz
se avè-w m’anvi djaye
devan-w fè mwen gaye
devan-w fè’m egare
devan pa-w bay sou lari
devan pa-w se yon fwontyè ki louvri sou tout peyi
cheri wap fem mouri

michèle voltaire marcelin

10 Responses to “bèl lanmou”

  1. Marcelin says:

    li cute

  2. Abimael says:

    SSe vreman yon bel teks men mwen we kek mo ki pa vreman gen plas yo ladanl tankou: Konyen ak Bouzen.

  3. Paulin says:

    Pa gen anyen a reproche.. bel bagay en pase mpa kwe sa ap deranje mvolèl

  4. Charles jeanbaptiste a says:

    Bel bagay

  5. Steevenson Beaubrun says:

    Poem Sa fè m santi lanmou haitien an se yon lanmou ki inexpliquable. Mwen apresye ampil le choix des mots, des mots nou pa wè Nan livres haitien prodwi sè jou si. Bon travail Michèle

  6. Mervil Stevenson says:

    M renmen sa k ekri a wi. Ewotiz. Seksyalite. Imaj yo rive sou mwen.

  7. Paulo says:

    Sa vreman bel malgre se pa tout moun kap konn enpotans li men mwen m tou kopyel

  8. WOw ….Avek yon tell sensualite !!!! Sa vibre tout nan nanm mwen. Mwen vreman renmen sa

Leave a Comment

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.