ochan pou van

kite Van vini
Van vini…
Si w vini ma ba w bonbon…

Se konsa vwa m ap dechire
Dènye vwal syèl la
Se konsa kap mwen ap fofile moute

Kap mwen
Mande m fil
Se debobine map debobine plòt fisèl mwen

Sezon karèm pote van
Sezon karèm, mwen konn
chita anba pyebwa
Pou m dèvèse kap mwen
Kap an echèl
Kap an papiyon
Kap janm debwa
Kap pòtre lakansyèl
Anvan solèy fèmen zye l

Chante m ale
Chante m pote kap lòt bò ravin’n
Lòt bò barikad wòch galèt
Lòt bò miray-pèlen
Miray moso boutèy
Miray pikan kwenna

Kap mwen anlè
Anlè anlè
Anlè anlè nèt !
Kap mwen anlè.
Zafè fil kouran
Zafè poto elektrik
zafè kout zèklè

Se kap mwen kap moute
Se chante m ap chante
Pou kap mwen
Moute sou zepòl van
Pou kap mwen
Deplòye tout zèl li yo

Talè konsa se nouvèl m ap voye
Al jwenn kap mwen
Atò jilèt m anvi
Plake nan ke kap la
Pou sizoka lòt kap
Kap deklare m lagè

Se van kap soufle
Se rozo kap balanse
Van gen tan
Ap soufle nan banbou
Kap yo deplòye anlè a
Tankou bann rara
Kap pa m se majò jon
Se pa ti kras ekzibisyon
Kap mwen moute
Li plonje pou’l bay kout tèt
Mwen redrese l
Kap mwen moute moute

Map bay kap mwen fil
M ap ba l fil
Jous lò m sou baton
Map ba’l fil
Jous solèy fèmen papòt li
M ap moute kap mwen
Jous van sispann vante
Jous van pèdi fòs li

Van vini
Van vini… Van vini
Van vini…

Valè chapo m
Ou fè m pèdi deja
Valè pousyè ou soufle
Nan kalalou zye m
Valè zèl papiyon
Ou jete nan sòs pwa frans mwen

Van van zanmi mwen
Mwen lage de gidon
Nan kò ou
M ap frape pòt ou

Sekrè van se chante m
Sekrè van se mizik
Fèy pyebwa ou
Ak bri vwal batiman
Nan mitan vag lanmè
Se pòtre van nou

Lò nou vini dayiva
Lò van soufle twòp
Anvan n pale ak lanmè
Se pou van mwen chante
Se direksyon van mwen chache
Chante zile m
Konnen sekrè van

Mezi pou kap mwen
Moute pi wo nan syèl la
Mwen reklame valè van
Valè baboukèt kap mwen
Kapab sipòte tèt drèt

Se sèl lò m ap moute kap
Mwen jwe konsa ak van
Van se kanmarad mwen
Van ak mwen
Se Kòkòt ak Figaro
Nou se fil ak kap papye fen
Nou se fisèl ak grandou
Nou san lanvè ak landwat

Souple van
Vante vante ankò
Bèl kap an echèl mwen
Moute moute

Kap mwen moute
Li moute pi wo
Pase ti pye zoranj
Kap moute moute
Kap mwen moute
Pi wo pi wo
Pase mèt minwi
Kap mwen moute
Pi wo pi wo
Pase Maryela
Sou tèt poto Sanfil lan
Kap moute moute

Olye pou ta siapann vante
Ou mèt tounen siklòn
Nan gwo mwa septanm
Fetay kay mwen
P ap souke

Zè l kap mwen
Ap frape kad fasad van
Chapo m sou tèt mwen
Tonbe nan pla men m
Van kap soufle…
Ploton fil lage
Lapatèt kap la sere
Se van m ap rele
Van pou kap
Fann syèl la

Van pou kap la
Danse san rete
Anba pla pye solèy

Van an konnen pou l vante
Prese prese van
Kaye desen m
Gen pòtre ke van
Dèyè tèt mòn
Kap mwen ak van
Konn bay lodyans

Olye n tann toujou
Olye n chita ap
Tande mizik van
Pito n kase ti bwa
Nan zorèy li
Pito mwen fè chwichichwichi
Ak zanmi mwen

Van vini
Van vini…

Valè kanaval pousyè
Ou konn leve
Valè sant pafen
Ou konn simaye
Valè sant zoranj pouri
Ou konn fè moute
Valè vwal batiman
Ou kase plizyè bout
Valè kout kanno
Ou konn tire
Ansanm ak lanmè
Valè chanje ou chanje
Direksyon lò ou move

Van se ou map tann
Ou vinn ak siklòn
Ou vinn ak lapli
Ou vinn ak fèy tòl
Ou vinn ak bout mi
Ou vinn ak po flè
Se ou map tann

Van vini
Ou di m onè
M ap di ou respè
Ou frape
Mwen gen tan reponn
Ou babye
Mwen kapte l
Ou bat zye ou
Kap mwen vole
Zèl kap mwen danse
Zèl kap mwen salye’w

Se kap m ap moute
Se chante m ap chante
Se ochan pou van
Depi m ti kat kat
Map aprann chante pou van

Boulvari osinon nòdè
Pa sa kroke vwa m
Nan fetay nyaj yo
Se van tout rele
Se parantèz m ap louvri
Si kap dechire
Anba fil fè
Si kap pèdi wout li
Si kap la tounen
Yon gwo kap an balon
M ap ba l fil
Ba l fil
Ba l fil
Jous li travèse frontyè
Jous li travèse lanmè
Jous li ale pi lwen
Pase zwazo wap gade yo

Van vini
Van vini…

Mwen ta pito tounen Bouki
Avèk yon fè cho
Pou m netwaye gòj mwen
Van an wi!
Se van m ap tann

Sa pou m fè opalè
Vwa m se eko
Vwa m se mizik

Tank m ap respire
Tank van an soufle
Tank m ap chante
Tank kap ap moute

Chak jou pou mwen
Se vandredi Sen
Chak mwa se karèm
Chak fèy papye fen
Se pou m kouvri kap

Van pote rèl ban mwen
Van an efase tablo
Van louvri paj kaye

Dikte! Dikte!
M ap bay kap mwen fil
M ap sifle
Se konsa van an
Te dikte m moute kap.

Van vini
M ap ba ou bonbon
M ap fè ronn avèk ou
M ap tounen kap papiyon
M ap moute desann
Ak yon sèl chante

Van vini
M a ba ou bonbon

Lò van soufle
Menm lakansyèl ou wè a
Pèdi bonèt li
Anwo tèt sous
Se kap mwen
Mwen ap gade
Pòtre sèt koulè lakansyèl

Van vini
Van vini
M a ba ou bonbon

Kolonn timoun ap chante
Tout branch bwa
Ak grap zwazo
Sèvi m òkès
Lò m ap chante

Van vini
Van vini
M a ba ou bonbon

Se sifle m ap sifle
Alo van
Alo? Alo?
Telefòn mwen ap sonnen nèt
Alo van

Van ap vini
Menm jan lapli
Konn vini brid soukou
San syèl la pa gen tan
Mare pli nan fwon l

Van an vante
M ap retire chapo m
Pou m chante
M ap trese kòd
Pou m moute grandou
M ap lote ti lo pa ti lo
Plizyè ploton kòd pit

Van vini
Van vini
M a ba ou bonbon

Mwen te ka kenbe souf
Pou m jwe twonpèt
Ak dividal saksofòn
Mwen ta ka jwe marèl
Mwen ta sote kòd
Ansanm ak sè m yo
M ap sonde van
M ap kapte van
Van ou sou wout
Pou l vini
Kap mwen ap balanse
Kap mwen ap chache ekilib
Kap mwen san fòs kote
Van sa wap tann

Van vini
Van vini
M a ba ou bonbon

Van an vle soufle
Talè li soufle fò
Annik li soufle konsa
Mwen pèdi lonbray kap mwen
Mwen kenbe fil kap mwen
Mwen nan festival kap
Mwen gen patisyon van
Gaye sou fèy kap mwen

Van..

Vini vini!

Bonbon m sere pou ou…

Van vini vini
M a ba ou ochan

1 2 3 4

Van vini vini
M a ba ou bonbon

Tout vwa timoun yo
Fonn ak vwa m
Koral van an
Monte sou rèl kriye
Nan antèman
Rèl babye bò lopital
Rèl bò tèt sous
Rèl ansyen zonbi
Sous ranje gwo sèl

Van vini
Van vini
Mwen ap ba ou ochan
Ak bri zèl kap mwen
Ak enstriman pa m
Ak patisyon ou dikte nou

Van vini
Van vini
Nou va ba ou bonbon

Se dikte van konn
Dikte direksyon l
Sou dikte van
Nou travay nou chante
Se nou ak van
Ki montre lakansyèl
Sere bonèt li

Twòp malfini
Ap kouri pou trape
Bonèt lakansyèl
Twòp bèk fè
Ap pase bò kap nou

Van vini
Van vini
Otan pousyè !
Se ochan m ap bay van
Sakad sou sakad
Kap mwen ap pare
Kap fè laviwon
Dènyè tèt nwaj

Van vini
Van vini
M’ap ba ou bonbon

Zanmi soufle soufle
Jous kòk monte bwa
Jous solèy al
Pwomenen byen lwen

Van vante vante

Kap mwen jwen viza
Pou l travèse kanal divan
Kap mwen gen pèmi vòl
Kap nan pleday
Ak pakèt avyon anlè a
Kap mwen deploye
Sèt koulè lakansyèl

Klòch ap sonnen
Kap mwen ap monte
Latè nan laviwon dede
Kap mwen mande fil

Van vini
Van vini vini
M a ba ou bonbon

Van vinni vini

Anpil papiyon antre
Nan kòtèj van an
Frany bisiklèt ak rido pandye
Mele nan won van an
Nan vwayaj kap mwen
Kap syèl la pase
Tout boulin

Men m la a
Pran m si ou vle
Se konsa m tounen
Lombray van an
Pèmisyon van
Pou m tire kont
Pèmisyon van
pou m siye san sou pye medsiyen

Van Vini Vini
Vini…

dominique batraville

Leave a Comment

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.