bon nouvèl


depi mwen gade pye-w
m-anvi genyen lari
jwe pòtre tout vivi
yon lanmou pye atè
pye-w se bon nouvèl
ki fèt pou sa mache
pye-w se de mèvèy
ki fèt pou lòm sezi
cheri piga ou wont
si se la m-al remen-w
lanmou se chòvsouri
li jouke tèt anba
pye-w se bon nouvèl
ki fèt pou sa mache
cheri kite-m renmen-w
kote lòt neglije-w
mwen ka ba ou de men-m
de ba savon lave
kite-m savonnen pye-w
jouk lannwit kimen jou


james noël
Musique et interpretation de Wooly Saint-Louis Jean

Leave a Comment

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.