ti fanm

michèle voltaire marcelin cheve’l foufou
ti je’l chire
dwèt li san zong
li renmen ri
ti kò’l piti tankou foumi
tèt li cho kou yon vè lanp
li sote depi gen bri
kè li frajil
li ka kase miyèt miyèt
devan li dous kou kann kreyòl
sèl sal bezwen se pou renmen’l….

 

michèle voltaire marcelin

Leave a Comment

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.