Grangou

Haiti by Gary Higgins

grangou mare djòl
tòdye kè
malere dòmi
do re mi
san soupe

grangou malere
viv tèt mare
vant mare
nan marekaj
trip kòde

grangou nan mache
gen gou rans
mache san soupe
pa bay la vi chans

grangou peyizan
gen de vitès
yonn pou siye bwa
yonn pou siye je
lè sèkèy klouwe

lan mò se vè
la vi se van
van vini van vini
vini pou ban mwen bonbon

pawòl grangou
pawòl grandou
yon sèvolan vole nan van
yon ti bon zanj
yon zetwal file…
mizerere


james noël & michèle voltaire marcelin


Leave a Comment

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.