Ayiti

ayiti2

Peyi pikan peyi mizè

Peyi bèl fanm bèl malè

Peyi fè pam peyi kouray

Peyi koupe tèt boule kay

Peyi tout voum se do sansib pa jwe

Peyi bay kou bliye pote mak sonje

Peyi voye wòch kache men

Peyi jou va jou vyen

Peyi jan chache jan twouve

Peyi lwi jan boje

Peyi bat chen tann mèt li

Peyi bounda nini

Peyi tout jwèt se jwèt kwochèt pa ladann

Peyi plen foumi sou po kann

Peyi dèyè mònn gen mònn

Peyi ka twoke kònn

Peyi gimi fay sens peyi bèl mèvey

Peyi wòch nan dlo wòch nan soley

Peyi lobey ak zagribay

Peyi piti piti plen kay

Peyi tou won san fon

Peyi zafè kabrit pa zfè mouton

Peyi la vyèj, peyi sèkey

Peyi dey o map rele dey

Peyi mistè peyi bon dye bon

Peyi mirak ak konfizyon

Peyi 1-2-3 nous irons au bois 4-5-6 cueillir des cerises

Peyi restavek, peyi tisentaniz

Peyi maman penba

Peyi kase fey kouvri sa

Peyi rizèz peyi machann lèt

Peyi m’ta di-w yon bèl koulangèt

Peyi siwomyel

Peyi anmè kou fyel

Peyi 3 fwa pase la se la dènyè ki restera

Peyi f-i-fi n-i- ni kaba

Peyi lave men siye a tè

Peyi wè pa wè antèman pou katrè

Peyi premye kou pa kou

Peyi se dènye kou k touye koukou

Peyi ayiti toma, ayiti avadra

Peyi boulegra peyi moun pa

Peyi dayiti tè glise

Peyi dayiti tonbe leve

Peyi dayiti dwèt mwen lye mpaka koupel

Peyi dayiti pou nou lye se nouk pou sovel

“AYITI” se yon teks © : Michèle Voltaire Marcelin

 

Leave a Comment

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.