m’anvi

enigma

pandan mwen kanpe la a
m’anvi di w tout istwa m
m’anvi sèmante
m’anvi sèman m rive jouk kote w rete
m’anvi tonè kraze m
m’anvi soley boule m
m’anvi pye bwa sekwe
m’anvi syèl la tranble
m’anvi tout zwazo fou
m’anvi limen balen
m’anvi limen bouji

m’anvi met a jenou pou m lapriyè pou ou
m’anvi di w mwen renmen w
m’anvi ba w yon ti bo
m’anvi tande loray
m’anvi tande bravo
m’anvi w sakajem
m’anvi w bwote m ale
epi m’anvi w manyen m
m’anvi w kenbe m nan kou
m’anvi w kenbe men m pou mennem nan kalvè
epi m’anvi kouvri w ak yon chay bel pawòl
epi m’anvi lalin louvri je sou tout kò w
epi m’anvi soley desann sou nou piti piti
jouk nou rantre lan tè
m’anvi rantre nan kè w
m’anvi rantre nan je w
pou la vi a vin bèl

syto cave (extraits de m’anvi)

One Response to “m’anvi”

  1. […] poem to Frankétienne himself — a blessing I will long remember — along with poems of Syto Cavé, James Noël and of Tiga;to sing with Martina Bruno and Buyu Ambroise and to recreate briefly […]

Leave a Reply to • La Personnalité du Mois | COUCOU from Me to You!Cancel reply

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.