manje ranje

luceturnier

Luce Turnier

mwen renmen wè w san benyen
san santiman
kò w gen sant sonj moun bliye
sant fèy chans
ki fèmen pou louvri tan

mwen renmen wè lè ou salòp
kò w gen gou manje dòmi
se chofe mwen ta chofe-w
fèmen kò m’nan fant kò w

lè ou salòp
kò-w gen gou manje ranje
mwen mouri m`p moun saf
mò prezidan

mwen vag sou lanmè
pou gade-w ki ale
ki tounen kou tezen

tezen monnami mwen zen
tezen monnami mwen zen
tezen nan dlo
mwen vag sou lanmè
pou gade w ki ale
ki tounnen kou tenzen
kè m’woule dous pou ou
benyen an san

james noel

Leave a Comment

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.