Posts Tagged ‘creole poetry’

Paroles de femme…

Jeanie Bogart Mwen ekri, m-ekri, m-ekri ………………………………………. emosyon mwen sou papye bèl pawòl literati bèl chema fe klenklen (J’écris, j’écris, j’écris… mes emotions sur le papier, de belles paroles de litérature, de beaux schémas clinquants..) Jou m-kontre’w cheri tout ti mo dous krase rak plim mwen tranble, krache, vomi tout chema tounen madigriji m-bliye konte, […]


Mon mal aviaire

Tous mes amis Ne savent pas que j’ai la grippe Cette chanson Mon mal aviaire en temps d’oiseaux Si je la chante C’est pour livrer ma voix au vent Je la reprends Le cœur enroué de trop aimer Je me fais tondre Sous le gazon d’une voisine Ma peur est bleue Sous le ciel grand […]


m’anvi

pandan mwen kanpe la a m’anvi di w tout istwa m m’anvi sèmante m’anvi sèman m rive jouk kote w rete m’anvi tonè kraze m m’anvi soley boule m m’anvi pye bwa sekwe m’anvi syèl la tranble m’anvi tout zwazo fou m’anvi limen balen m’anvi limen bouji m’anvi met a jenou pou m lapriyè pou […]


Ayiti

Peyi pikan peyi mizè Peyi bèl fanm bèl malè Peyi fè pam peyi kouray Peyi koupe tèt boule kay Peyi tout voum se do sansib pa jwe Peyi bay kou bliye pote mak sonje Peyi voye wòch kache men Peyi jou va jou vyen Peyi jan chache jan twouve Peyi lwi jan boje Peyi bat […]


Grangou

grangou mare djòl tòdye kè malere dòmi do re mi san soupe grangou malere viv tèt mare vant mare nan marekaj trip kòde grangou nan mache gen gou rans mache san soupe pa bay la vi chans grangou peyizan gen de vitès yonn pou siye bwa yonn pou siye je lè sèkèy klouwe lan mò […]


ti fanm

cheve’l foufou ti je’l chire dwèt li san zong li renmen ri ti kò’l piti tankou foumi tèt li cho kou yon vè lanp li sote depi gen bri kè li frajil li ka kase miyèt miyèt devan li dous kou kann kreyòl sèl sal bezwen se pou renmen’l….   michèle voltaire marcelin


bon nouvèl

depi mwen gade pye-w m-anvi genyen lari jwe pòtre tout vivi yon lanmou pye atè pye-w se bon nouvèl ki fèt pou sa mache pye-w se de mèvèy ki fèt pou lòm sezi cheri piga ou wont si se la m-al remen-w lanmou se chòvsouri li jouke tèt anba pye-w se bon nouvèl ki fèt […]


m’pa ekri powèm

m’pa ekri powèm pou zòt ak bouch yo kou bouda poul vinn resite nan salon…. feliks morisolewa  


Tiga

Quand la vie s’arrête sur terre, elle continue au soleil. Tiga Haïti. Sur un des bouts d’une île de la Caraïbe, dominée par la folie et le chaos, existe un artiste philosophe. Son rêve: faire que tous les habitants de cette terre trouvent le créateur caché en eux et atteignent la liberté. Pour cela, il […]


Lumane Casimir

A 14 ans, sa guitare sous le bras, Lumane Casimir, fraîchement débarquée des Gonaïves, arriva à Port-au-Prince avec sa voix de rossignol. Excentrique, vive, revêche, toujours à court d’argent, elle y mena longtemps l’existence typique des artistes fauchés. Bien que son passage sur la scène musicale Haitienne fut bref (elle mourut vers 35 ans dans […]


bèl lanmou

lanmou-w libere kò mwen lang ou deklete bouch mwen m’ta fè tout sa m’pat janm fè m’ta di tout sa’m pat ka di pawòl lamarye pawòl bouzen kafe pawòl jekwazandye ak jekireve ou fè’m di sa moun bliye lè lanmou pèdi pawòl lanmou-w libere kò mwen lang ou deklete bouch mwen m’ta di tout sa […]


ochan pou van

Van vini Van vini… Si w vini ma ba w bonbon… Se konsa vwa m ap dechire Dènye vwal syèl la Se konsa kap mwen ap fofile moute Kap mwen Mande m fil Se debobine map debobine plòt fisèl mwen Sezon karèm pote van Sezon karèm, mwen konn chita anba pyebwa Pou m dèvèse kap […]


pou danri

pawòl ou fe mwen mal tankou yon wòch galèt mwen dlololo mwen dlolanje m’kou yon madigra mal maske figi’m make majigridi kè mwen tounen kou lèt kaye rèv mwen vire devan dèyè mwen vinn tounen yon lamayòt 5 kòb pou wè 5 kòb pou ri ou fè m kriye pou gran mesi ou kase kè […]


rapjazz

  zèklè zèl papiyon deklete lakataw madichon toutplimay peyizaj kokayin reveye lakansyèl kankannen dwètjouda k’ap fouye pwofondè teritwa lenvizib reveye lasirèn k’ap naje lan basen siwolin enposib reveye mètrèsdlo bèl fanm, bèl mèvey, bèl malè benyen malè penyen malè ponyen malè miyonnen malè reveye jwètmarèl potoprens kabouya kagoulaw kadejak pakalaw koutchoukoutchou koutchoukoutchou koutchoukoutchou koutchoukoutchou zoboppodop […]


bonbon fanm

zanj mete zèl nan yon pandri pou ti peche nan paradi se pandye kè moun pandye ki fè li bat pasi pala si -w pran lang mwen lanmou n’ bileng kenbe m’ devan nou kwadripèd lanmò jape lòm chache zo oslè kò nou fin kraze poud ti chen mouri pran sant kò nou an drivayèz […]