pou danri

pou danri

pawòl ou fe mwen mal
tankou yon wòch galèt
mwen dlololo
mwen dlolanje
m’kou yon madigra mal maske
figi’m make majigridi
kè mwen tounen kou lèt kaye
rèv mwen vire devan dèyè
mwen vinn tounen yon lamayòt
5 kòb pou wè
5 kòb pou ri
ou fè m kriye pou gran mesi
ou kase kè mwen pou danri

michèle voltaire marcelin

Leave a Comment

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.